Goudougoudou sou chimen nou (Haitian Creole Edition) (Haitian and Creole Edition)

Goudougoudou sou chimen nou (Haitian Creole Edition) (Haitian and Creole Edition)

  • Brand: JEBCA Editions
  • Product Code: 0990855449
  • Availability: In Stock
  • $15.00



Details
Goudougoudou sou chimen nou (Haitian Creole Edition) (Haitian and Creole Edition)

Sofya ak Djonnsonn, se de jenn ki te rankontre sou Facebook an de¬sanm 2009. Sofya te ap viv avèk yon konplèks. Li te chwazi mete foto yon ti sè li ki rele Sacha sou paj li a paske li panse Sacha pi bèl pase li. Djonnsonn, ki t ap viv nan peyi Etazini, te vle ale Ayiti pou li te ka rankon¬tre avèk Sofya nan dat 13 janvye 2010. Malerezman, se pa sa lanati te vle. Sofya te disparèt 12 janvye nan goudougoudou a. Djonnsonn pa te genyen okenn prèv Sofya te mouri. Men, jennonm nan te tèlman damou, li te lage nan bwè tafya epi kouche fi adwat, agoch. Se sèl zam li te genyen pou li te toke kòn li avèk lanati. Dezan apre tranblemanntè a, Sacha ki se sèl moun nan fanmi an ki ta sanble te rete vivan apre trajedi a, te dekouvri modpas sè li. Li te sezi wè Sofya te konn sèvi ak foto li pou li te atire Djonnsonn. Sacha te mete tout odas li deyò pou li te fè tèt li pase pou Sofya. Jennonm nan ki pa te vle rate okazyon an ankò, te blije ale Ayiti. Se vre, li te genyen anpil dout sou moun li te wè a; men sèvèl li pa te fin twò klè pou li te konprann jwèt la. Li te sèvi avèk Sacha tankou se te Sofya. Lè Djonnsonn te vin konnen Sacha se ti sè Sofya, li te kriye tankou yon ti bebe ; men, sa pa te chanje lanmou ak santiman ki te nan fon kè li. De mwa apre jenn gason an te retounen nan peyi Etazini, li te pran nouvèl Sacha ansent. Yon nouvèl ki te pote anpil espwa ak kontantman nan kè ti malere a. Èske li pa te gen tan twò ta pou Djonnsonn chanje lavi li? Èske lanati pa te fèk kòmanse avèk misyon li? Èske Sacha te rete vivan pou yon rezon nou poko konnen? Èske Goudougoudou te fèk kare rete sou chimen yo? Èske rankont mesyedam sila yo ka pote yon chanjman nan peyi Ayiti? Antouka, an nou pran ti chèz ba nou, epi nou va swiv.
Specifications
Binding Perfect Paperback
EANs 9780990855446
Manufacturer JEBCA Editions
ProductGroup Book
Title Goudougoudou sou chimen nou (Haitian Creole Edition) (Haitian and Creole Edition)

Related Products